Kote lespwa fè bèk atè
solèy reveye tout dodo titit pou libere yon refren
se nan manmèl fanm
lavi pran jèvrin
pou batistè l bay payèt
tout fanm
se manman k ap file pawòl tololo
pou koud sikatris pataswèl lavi
sou chini do nou
manman se souf lanmou depoze
nan ganmèl lavi
pou n goute lòsye byennèt
manman
manman
manman o
lajwa w fele si m malad
ri w tranble si m bite
men yon te lanmou w mete m kanpe
se nan vèb ki marande pasyans lan menm
sajès ou pouse rasin
ou kanpe tennfas nan powèm lan
pou senyen mizè
pou bat lakanpany ak grangou
pou reveye lespwa nan demen m
pou pase swaf mwen ak souri w
ou keyi rèv sou chak branch solèy
.